s
NY.gov Portal State Agency Listing Search all of NY.gov
Komisé Michael F. Hogan, Ph.D.
Andrew M. Cuomo, Gouvéné

Eskizofreni

Vi Adobe Acrobat vèsyon | Rale dosye Adobe Acrobat Reader kite omh sit

 Yon ti liv byen detaye ki dekri sentòm, kòz, ak tretman, ansanm ak enfòmasyon sou jan pou w jwenn èd epi jere maladi a.

Kisa eskizofreni ye?
Eskizofreni se yon maladi ki kwonik epi sevè, ki kapab deranje sèvo a. Yo te rekonèt maladi depi tan listwa ki ekri. Li afekte anviwon 1 pousan nan tout ameriken.1

Moun ki gen eskizofreni kapab tande vwa lòt moun pa tande oswa yo kapab panse moun ap li sa ki nan lespri yo, kontwole lespri yo, oswa fè konplo pou fè yo mal. Eksperyans sa a kapab teworize moun nan epi fè li pè, rete lwen tout moun, oswa ajite anpil. Moun ki soufri eskizofreni kapab pa fè sans lè yap pale, yo kapab chita pandan plizyè èdtan san yo pa bouje oswa yo pale twòp. Epi tou yo kapab parèt byen pwòp jiskaske yo kòmanse pale sa ki vrèman nan lide yo. Paske anpil moun ki gen eskizofreni gen difikilte pou travay oswa pran swen tèt yo, moun sa yo vin tounen yon gwo chay sou do fanmi yo ak lasosyete.

Tretman ki genyen yo kapab soulaje sentòm maladi a, men pifò moun ki soufri eskizofreni dwe viv ak yon rès sentòm ki la pou tout rès vi yo. Malgre sa, nap viv nan yon epòk ki pote anpil lespwa pou moun ki soufri eskizofreni ak fanmi yo. Kounye a anpil moun ki soufri maladi a ap viv byen nan kominote yo. Rechèchè yo ap devlope medikaman ki pi efikas epi yap itilize zouti rechèch pou konprann sa ki lakòz eskizofreni ak pou jwenn fason pou anpeche ak trete li.

Ti liv sa a prezante enfòmasyon sou sentòm eskizofreni, ki lè sentòm yo parèt, ki jan maladi a devlope, tretman ki gen kounye a, soutyen pou pasyan yo ak moun ki chè pou yo, ak nouvo direksyon nan rechèch.

Kisa ki sentòm eskizofreni yo?

Sentòm eskizofreni yo tonbe nan twa gwo kategori:

Sentòm pozitif
Sentòm pozitif yo se konpòtman ki fasil pou dekouvri paske ou pa wè yo kay moun ki an sante epi nòmalman moun nan dekonekte ak reyalite a. Kèk nan sentòm sa yo se alisinasyon, ilizyon, twoub nan panse ak mouvman. Sentòm pozitif yo kapab fè ale vini. Gendelè yo sevè anpil epi gen lòt lè moun pa menm ka remake yo, daprè si moun nan ap resevwa tretman ou pa.

Alisinasyon. Yon alisinasyon se yon bagay yon moun wè, tande, pran sant li, oswa santi okenn lòt moun pa kapab wè, tande, pran sant li, oswa santi. Tande "vwa" moun ap pale se kalite alisinasyon ki pi komen nan eskizofreni. Anpil moun ak maladi a tande vwa ki kapab fè kòmantè sou konpòtman yo, di yo pou fè yon seri bagay, avèti yo lè gen gwo danje, oswa pale youn ak lòt (nòmalman sou pasyan an). Pasyan an kapab ap tande vwa sa yo pandan yon bon ti tan avan fanmi oswa zanmi li yo remake gen yon bagay ki pa nòmal. Lòt kalite alisinasyon genyen moun oswa objè moun nan wè ki pa la vre, pran sant bagay okenn moun pa ka santi (men sa kapab sentòm yon timè nan sèvo tou), ak santi bagay tankou dwèt kap touche kò yo le pa gen pèsòn bò kote yo.
Ilizyon. Ilizyon se fo kwayans pèsonèl ki pa fè pati kilti moun nan epi ki pa chanje, menm lè lòt moun montre li prèv kwayans li a pa vre oswa li pa lojik. Moun ki soufri eskizofreni kapab fè ilizyon ki dwòl anpil, tankou yo kapab kwè vwazen yo gen mwayen pou kontwole konpòtman yo ak onn manyetik, moun nan televizyon kapab voye mesaj espesyal bay yo, oswa estasyon radyo ap difize panse yo byen fò pou lòt moun tande. Epi tou yo kapab genyen foli grandè kote yo panse yo se yon gwo pèsonalite nan listwa. Moun ki gen eskizofreni paranoyid kapab kwè lòt moun fè espre pou twonpe yo, agrese yo, bay yo pwazon, fè espyon sou yo, oswa fè konplo kont yo menm oswa moun ki enpòtan pou yo. Yo rele kwayans sa yo foli pèsekisyon.
Twoub Nan Panse. Souvan fason moun ki gen eskizofreni panse pa nòmal. Yon fòm ki anraje se yon fason panse ki mal òganize, kote moun nan gen difikilte pou òganize panse li yo oswa konekte yo ansanm yo yon fason ki lojik. Langaj li tèt anba epi li difisil pou konprann. Yon lòt fòm se lè "panse li bloke," kote moun nan kanpe toudenkou nan mitan yon panse. Lè yo mande moun nan pouki li fè sa, li kapab di li te santi yo retire panse a nan tèt li. Finalman, moun nan kapab kreye mo moun pa ka konprann, sa yo rele "neyolijism."
Twoub nan Mouvman. Moun ki soufri eskizofreni kapab maladwa oswa dezòdone. Epi tou yo kapab fè mouvman san volonte yo oswa fè grimas oswa aji yon fason ki pa nòmal. Yo kapab plede repete menm mouvman an san rete oswa, nan ka ki ekstrèm, yo kapab vin katatonik. Katatoni se yon eta kote moun nan pa bouje ak reponn anyen. Bagay sa a te pi komen lè pa te gen tretman pou eskizofreni; erezman, kounye a se raman nou wè li.2

Sentòm negatif
Pawòl "sentòm negatif" nan refere ak lè eta emosyonèl ak konpòtman moun nan vin redwi. Mwen kèk egzanp:

Souvan moun ki soufri eskizofreni yo pa pran swen kò yo epi yo bezwen èd ak aktivite moun fè chak jou nan vi yo. Paske li pa toujou evidan sentòm negatif fè pati yon maladi sikyat, souvan moun ki soufri eskizofreni parèt tankou moun ki parese oswa pa vle fe anyen ak vi yo.

Sentòm kognitif
Sentòm kognitif yo parèt tou piti epi anpil fwa se lè yo fè tès newopsikolojik yo detekte yo. Mwen kèk egzanp:

Souvan pwoblèm kognitif deranje kapasite pasyan an pou viv yon vi nòmal ak travay. Yo kapab bay anpil chagren emosyonèl.

Kilè li kòmanse epi kiyès ki ka genyen li?
Nòmalman sentòm psikotik (tankou alisinasyon ak ilizyon) parèt kay gason nan fen ane adolesans yo ak nan kòmansman ventèn yo, epi kay fi nan mitan ventèn yo ak nan kòmansman trantèn yo. Se raman yo parèt apre laj 45 ane ak avan moun nan fòme, malgre gen rapò eskizofreni kay timoun ki gen menm 5 ane. Nan adolesan, premye siy yo kapab genyen yon chanjman nan zanmi, move nòt lekòl, pwoblèm pou dòmi, ak iritabilite. Paske gen anpil adolesan nòmal ki gen konpòtman sa yo tou, li kapab difisil pou detekte maladi a nan etap sa a. Nan jenn moun ki vin devlope maladi a, yo rele sa peryòd "pwodwomik".

Rechèch montre eskizofreni afekte menm kantite fanm ak gason ak menm kantite moun nan tout gwoup etnik ki toupatou nan monn nan.3

Èske moun ki soufri eskizofreni vyolan?
Moun ki soufri eskizofreni pa vrèman gen tandans pou vyolan epi souvan yo pito rete poukont yo. Etid montre si yon moun pa te gen yon dosye pou zak vyolans kriminèl avan li te devlope eskizofreni epi li pa te konn abize alkòl oswa dwòg, gen anpil chans pou li pa komèt krim apre li vin malad. Pifò gwo krim vyolan moun komèt se pa moun ki gen eskizofreni ki fè yo, epi pifò moun ki gen eskizofreni pa komèt krim vyolan. Lè yon moun abize alkòl oswa dwòg sa toujou ogmante konpòtman ki vyolan, menm si li gen eskizofreni (gade ba ki akote a). Si yon moun ki gen eskizofreni paranoyid vin vyolan, anpil fwa vyolans la se kont fanmi li epi se lakay li sa pase.

Abi dwòg, alkòl ak medikaman
Kèk moun ki abize dwòg montre sentòm ki menm jan ak pa eskizofreni yo, epi yo kapab konfonn moun ki gen eskizofreni pou moun ki sou efè anpil dwòg. Pandan pifò moun kap fè rechèch pa kwè abi dwòg, alkòl ak medikaman bay eskizofreni, moun ki gen eskizofreni abize bagay sa yo pi souvan pase moun ki pa genyen li yo.

Lè yon moun pran dwòg, alkòl, oswa medikaman yo pa preskri li sa bese efikasite tretman pou eskizofreni. Estimilan (tankou anfetamin oswa kokayin), PCP, ak marigwana kapab fè sentòm eskizofreni yo pi mal, epi tou sa kapab fè gen plis chans pou pasyan yo pa swiv plan tretman yo.

Eskizofreni ak Nikotin
Fòm abi sibstans ki pi komen kay moun ki gen eskizofreni se yon depandans sou nikotin. Moun ki gen eskizofreni yo depann sou nikotin twa fwa plis pase moun ki pa genyen li (75–90 pousan parapò ak 25–30 pousan).6

Rechèch devwale relasyon ant fimen ak eskizofreni se yon bagay ki konplèks. Sanble moun ki soufri eskizofreni gen tandans fimen, epi rechèchè yo ap eksplore si gen yon baz biyolojik pou bezwen sa a. Apre danje nou konnen ki gen nan sigarèt, plizyè etid twouve lè yon moun fimen li deranje aksyon medikaman anti–psikotik yo. Moun ki gen eskizofreni epi ki fimen kapab bezwen yon pi gwo dòz nan medikaman yo.

Li kapab vrèman difisil pou moun ki soufri eskizofreni sispann fimen paske sevraj nikotin kapab fè sentòm psikotik yo vin pi mal tanporèman. Yo kapab tolere estrateji pou sispann fimen ki gen metòd kote yo ranplase nikotin pi byen. Doktè ki trete moun ki gen eskizofreni yo dwe swiv ak anpil atansyon fason pasyan yo reponn medikaman anti–psikotik  si pasyan an deside pou li swa fimen oswa sispann fimen.

E pou moun ki eseye tiye tèt yo?
Moun ki soufri eskizofreni yo eseye tiye tèt yo plis pase moun ki pa genyen li. Anviwon 104,5  pousan (sitou jenn gason) reyisi fè li. Li difisil pou prevwa ki moun ki soufri eskizofreni ki gen tandans eseye tiye tèt yo, kidonk si yon moun pale sou tiye tèt li oswa eseye fè sa, se pou chèche èd pwofesyonèl touswit.

Kisa ki lakòz eskizofreni?
Menm jan ak plizyè lòt maladi, yo kwè eskizofreni se yon melanj faktè nan anviwònman an ak faktè jenetik. Yap itilize tout zouti lasyans modèn pou chèche kòz maladi sa a.

Èske moun ka eritye eskizofreni?

Depi kèk jou syantifik yo konnen eskizofreni se yon bagay ki nan fanmi. Li rive kay 1 pousan nan popilasyon jeneral la men nou wè li nan 10 pousan moun ak yon manman, papa, frè oswa sè ki gen maladi a. Moun ki tant, tonton, granparan, oswa kouzen ki gen maladi a devlope eskizofreni pi souvan pase popilasyon jeneral la. Vrè jimo yon moun ki gen eskizofreni gen plis risk, ak 40 jiska 65 pousan chans pou devlope maladi a.7

Jèn nou yo chita nan 23 pè kwomozom ki nan chak grenn selil. Nou eritye de kopi nan chak jèn, youn nan men chak paran. Yo panse plizyè nan jèn sa yo asosye ak plis risk pou eskizofreni, men syantifik yo kwè chak jèn gen yon ti kras efè epi se pa li ki lakòz maladi a poukont li. Li toujou poko posib pou prevwa kimoun ki pral devlope maladi a lè w sèlman gade materyèl jenetik moun nan. 

Malgre gen yon risk jenetik pou eskizofreni, jèn nan poukont li pap ase pou bay maladi a. Yo panse entèraksyon ant jèn yo ak anviwònman an nesesè pou eskizofreni devlope. Yo sijere plizyè faktè anviwònman ki kapab risk, tankou kontak ak viris oswa malnitrisyon nan vant manman, pwoblèm pandan timoun nan fèt, ak faktè psiko–sosyal, tankou kondisyon anviwònman ki gen estrès.

Èske moun ki soufri eskizofreni gen yon bagay ki pa nòmal nan pwopriyete chimik sèvo yo?
Kapab gen yon bagay ki dezekilibre nan reyaksyon chimik konplèks ak entèdepandan sèvo a kote newotransmitè ki rele dopamin ak glitamat yo (kapab gen lòt toujou) jwe yon wòl nan eskizofreni. Newotransmitè yo se bagay ki kite selil yo ki nan sèvo a kominike youn ak lòt. Konesans debaz nou gen sou pwopriyete chimik sèvo a ak lyen li ak eskizofreni ak agrandi byen vit epi se yon domèn rechèch ki gen yon bèl avni.

Èske sèvo moun ki soufri eskizofreni diferan?
Sèvo moun ki gen eskizofreni parèt yon ti jan diferan parapò ak sèvo moun ki an sante, men diferans yo tou piti. Kèk fwa kavite yo rele vantrikil la, ki nan mitan sèvo a epi plen ak likid la, pi gwo nan sèvo moun ki gen eskizofreni; jeneralman gen mwens sèvèl; epi gen kèk kote nan sèvo a ki gen mwens oswa plis aktivite metabolik3.

Etid mikwoskopik sou tisi sèvo a apre lanmò montre ti chanjman nan distribisyon oswa karakteristik selil sèvo kay moun ki soufri eskizofreni. Sanble anpil nan chanjman sa yo te fèt pandan moun nan te nan vant manman li paske yo pa gen selil glyal, ki toujou la lè yon moun gen yon chòk nan sèvo avan li te fèt3. Yon teyori sijere pwoblèm pandan devlopman sèvo a kapab lakòz yon move koneksyon ki inaktif jiskaske moun nan fòme. Sèvo a sibi anpil gwo chanjman pandan moun nan ap fòme, epi chanjman sa yo kapab pwovoke sentòm psikotik.

Sèl fason pou reponn kesyon sa yo se pou fè plis rechèch. Syantifik Ozetazini ak toupatou nan monn nan ap etidye eskizofreni epi yap eseye devlope nouvo fason pou anpeche ak trete maladi a.

Kijan yo trete eskizofreni ?
Paske nou toujou poko konnen kòz eskizofreni, tretman ki gen kounye a konsantre sou eliminasyon sentòm maladi a.

Medikaman anti–psikotik 
Gen medikaman pou maladi mantal disponib depi mitan ane 1950 yo. Yo te fè yon bon travay nan soulajman sentòm pozitif eskizofreni yo. Menm si medikaman sa yo fè gwo amelyorasyon nan vi pasyan yo, yo pa geri eskizofreni.

Chak moun reponn diferan ak medikaman anti–psikotik. Kèk fwa ou oblije eseye plizyè diferan medikaman anvan ou jwenn sa ki bon an. Moun ki gen eskizofreni dwe kolabore ak doktè yo pou jwenn medikaman ki kontwole sentòm yo pi byen epi ki gen pi piti kantite efè segondè posib.

Medikaman anti–psikotik  ki pi ansyen yo se tankou chlorpromazine (Thorazine©), haloperidol (Haldol©), perphenazine (Etrafon©, Trilafon©), ak fluphenzine (Prolixin©). Medikaman ki pi ansyen yo kapab bay sentòm kote moun nan gen pwoblèm ak mouvman nan kò li. Pa egzanp, kò li kapab rèd, li kapab gen kranp nan miskilati yo, lap tranble, oswa li pa ka poze.

Ane 1990 yo, yo te devlope nouvo medikaman yo rele anti–psikotik atipik yo, epi se raman medikaman sa yo bay efè segondè sa yo. Premye nan gwoup medikaman sa yo se te clozapine (Clozaril©). Li trete sentòm menm moun lòt medikaman pa fè anyen pou yo, men li ka pwodwi yon gwo pwoblèm ki rele agranilositoz, lè moun pèdi globil blan ki batay kont enfeksyon yo. Se sa ki fè, moun kap pran clozapine dwe fè yo gade globil san yo chak de twa semèn. Paske li deranje moun nan epi li koute chè pou fè tès san ak pou achte medikaman an, trete ak clozapine difisil pou anpil moun, men se medikaman sa ki pi bon pou moun lòt medikaman anti–psikotik, ansyen kou nouvo, pa fe anyen pou sentòm moun yo.

Kèk nan medikaman ki te devlope apre yo te entwodwi clozapine – tankou risperidone (Risperdal©), olanzapine (Zyprexa©), quietiapine (Seroquel©), sertindole (Serdolect©), ak ziprasidone (Geodon©) –efikas epi se raman yo bay moun pwoblèm mouvman ak kò yo epi yo pa bay agranilositoz; men moun yo ka pran pwa epi gen chanjman metabolik ki asosye ak plis risk pou gen dyabèt oswa kolestewòl ki wo.8

Aripiprazole (Abilify) se yon lòt medikaman anti–psikotik atipik yo itilize pou trete eskizofreni  ak epizòd twoub bipolè manyak oswa melanje (manyak ak depresif). Aripiprazole vini nan fòm tablèt ak likid. Gen youn ki vini nan fòm piki yo itilize pou tretman sentòm ajitasyon nan eskizofreni oswa epizòd twoub bipolè I manyak oswa melanje.

Chak moun reponn fason pa yo ak medikaman anti–psikotik, menm si ajitasyon ak alisinasyon konn amelyore nan detwa jou, ilizyon yo konn amelyore nan detwa semèn. Anpil moun wè gwo amelyorasyon nan tou de kalite sentòm sa yo avan sizyèm semèn tretman an. Pa gen pèsòn kap kapab konnen egzakteman kijan yon medikaman pral afekte yon moun an patikilye, epi kèk fwa moun nan ap bezwen eseye plizyè medikaman avan li jwenn youn ki bon pou li.

Lè moun fenk kòmanse pran medikaman anti–psikotik atipik, yo konn vin anvi dòmi; santi toudisman lè yo chanje pozisyon; gen vizyon twoub; oswa gen yon kap bat fò, yo gen pwoblèm ak règ yo, gen sansibilite ak solèy la, oswa gratèl nan po. Anpil nan sentòm sa yo ap pase apre premye detwa jou tretman an, men moun kap pran medikaman anti–psikotik  atipik pa dwe kondwi avan yo fin abitye ak nouvo medikaman yo a.

Moun ki gen eskizofreni kapab fè depresyon, epi li kapab nesesè pou ajoute yon anti–depresè nan lis medikaman yo.
Gen yon esè klinik Enstiti Nasyonal Pou Sante Mantal la (NIMH) finansye, ki rele CATIE (Esè Anti–psikotik Klinik pou Efikasite Entèvansyon, Clinical Antipsychotic Trials of Intervention Ef­fectiveness an angle), ki te konpare efikasite ak efè segondè senk medikaman anti–psikotik, nèf kou ansyen, yo itilize pou trete moun ki gen eskizofreni. Pou plis enfòmasyon sou  CATIE, vizite http://www.nimh.nih.gov/ healthinformation/catie.cfm.

Dire tretman an. Menm jan ak dyabèt oswa tansyon ki wo, eskizofreni se yon maladi kwonik w ap toujou bezwen ap jere li. Kounye a la, pa gen gerizon pou li, men kantite fwa yon moun gen epizòd psikotik kapab bese anpil lè li rete sou medikaman. Menm si repons varye pou chak moun, pifò moun ak eskizofreni bezwen pran yon fòm medikaman pou tout rès vi yo ansanm ak itilize lòt apwòch, tankou terapi ak reyabilitasyon pou soutni yo.

Anpil fwa maladi a konn retounen lè moun ki fè eskizofreni yo sispann pran medikaman anti–psikotik yo paske yo santi yo byen, oswa yo konn bliye pran li oswa pa twouve li enpòtan pou pran li regilyèman. Li enpòtan anpil pou moun ki soufri eskizofreni pran medikaman yo regilyèman epi pou kantite tan doktè a rekòmande. Si yo fè sa, ap gen mwens sentòm psikotik.

Piga yo janm sispann pran medikaman anti–psikotik ou san ou pa pale ak doktè ki preskri li a, epi li dwe toujou koupe ti kras pa ti kras sou sipèvizyon yon doktè. Pa koupe li toudenkou.

Gen plizyè rezon kifè moun ki gen eskizofreni pa vle pran tretman yo. Si yo pa panse yo malad, yo kapab pa panse yo bezwen pran medikaman yo ditou. Si panse yo twò dezòdone, yo kapab pa sonje pran medikaman yo chak jou. Si yo pa renmen efè segondè yon medikaman, yo kapab sispann pran li san yo pa eseye yon lòt medikaman. Abi dwòg, alkòl, oswa medikaman kapab deranje efikasite tretman an tou. Doktè yo sipoze mande pasyan yo konbyen fwa yo pran medikaman yo epi konprann lè yon pasyan mande pou chanje dòz oswa eseye nouvo medikaman pou eliminine efè segondè ki pa fè li byen.

Gen plizyè estrateji pou ede moun ki fè eskizofreni pran medikaman yo regilyèman. Gen medikaman aksyon li dire lontan, ki vini nan fòm piki, ki elimine bezwen pou pran yon grenn chak jou. Lè ou itilize yon kalandriye ak bwat medikaman ak non jou yo ladan sa kapab ede pasyan yo sonje pran medikaman yo epi fè moun kap bay li swen an konnen si li te pran medikaman an. Ou ka pwograme revèy oswa mont ki gen alam pou yo sonnen lè moun nan bezwen pran medikaman li, epi lè li mete medikaman an ansanm ak aktivite li fè chak jou, tankou lè repa li, sa kapab ede pasyan yo respekte lè pou yo pran medikaman yo.

Entèraksyon Medikaman. Medikaman anti–psikotik yo kapab pwodwi efè segondè ki dezagreyab oswa danjere moun lè yo pran yo ak sèten lòt medikaman. Pou rezon sa a, yo dwe di doktè kap preskri anti–psikotik la tout medikaman (sa yo achte san preskripsyon oswa ki sou preskripsyon) ak tout vitamin, mineral, ak fèy pasyan an ap pran. Se pou diskite alkòl ak lòt dwòg moun nan ap pran tou.

Tretman Psiko–sosyal
Gen plizyè etid ki te aprann tretman psiko–sosyal kapab ede pasyan ki deja estabilize sou medikaman anti–psikotik trete sèten aspè eskizofreni, tankou difikilte moun gen ak kominikasyon, motivasyon, pou pran swen tèt yo, travay, ak etabli avèk kenbe yon relasyon ak lòt moun. Lè moun aprann fason pou  jere pwoblèm sa a epi yo pratike yo, sa pèmèt moun ki soufri eskizofreni ale lekòl, travay, ak sosyalize. Pasyan ki resevwa tretman psiko–sosyal regilyèman respekte lè pou pran medikaman yo pi byen epi maladi a retounen mwens. An plis yo entène lopital mwens. Yon relasyon pozitif ak yon terapet oswa yon kòdonatè dosye bay pasyan an yon sous enfòmasyon li ka depann sou li ak yon moun ki gen senpati, bay li ankourajman ak lespwa. Tout bagay sa yo enpòtan pou jere maladi a. Terapet la kapab ede pasyan an konprann eskizofreni pi byen ak jan pou l viv ak li kote li edike moun nan sou sa ki kòz maladi a, sentòm ak pwoblèm pifò moun ka genyen, ak enpòtans pou toujou pran medikaman.

Teknik Pou Jere Maladi a. Moun ki fè eskizofreni kapab jwe yon gwo wòl nan jesyon pwòp maladi yo. Kou yo aprann enfòmasyon fondamantal sou eskizofreni ak prensip pou trete eskizofreni, yo kapab pran bon desizyon sou swen yo. Si yo montre yo jan pou siveye byen bonè siy sentòm yo pral retounen ak fè yon plan pou jere siy sa yo, yo kapab fè  sentòm yo pa retounen. Epi tou yo kapab montre pasyan yo teknik ki pi efikas pou jere sentòm ki nwizib yo.

Tretman Entegre Pou Moun Kap Abize Dwòg, Alkòl, ak Medikaman Tou. Pi gwo maladi moun ki gen eskizofreni pandan yo malad la se abi dwòg, alkòl, oswa medikaman, men nòmalman pwogram tretman pou pwoblèm sa a pa konn adrese bezwen espesyal gwoup moun sa yo. Lè yo entegre pwogram tretman eskizofreni ak pwogram tretman dwòg gen pi bon rezilta.

Reyabilitasyon. Reyabilitasyon souliye fòmasyon sosyal ak pwofesyonèl pou ede moun ki gen eskizofreni fonksyone yon fason ki pi efikas nan kominote yo. Paske moun ak eskizofreni malad souvan pandan peryòd ki kritik pou fòme karyè yo (laj 18–35) epi paske maladi sa a deranje fonksyon kognitif nòmal yo, pifò pasyan pa resevwa fòmasyon ki nesesè pou travay. Pwogram reyabilitasyon kapab genyen konsèy pwofesyonèl, fòmasyon pwofesyonèl, konsèy sou jan pou jere lajan, asistans pou aprann jan pou itilize transpòtasyon piblik, ak opòtinite pou pratike konpetans sosyal ak jan pou kominike byen nan travay.

Edikasyon Fanmi. Souvan lè yon moun ki soufri eskizofreni soti lopital, yo lage li sou kont fanmi li swen. Se sa ki fè li enpòtan pou fanmi yo konnen tout sa yo kapab sou maladi a ak jan pou evite sentòm yo retounen. Fanmi yo dwe kapab itilize diferan kalite pwogram tretman ak yon pakèt estrateji pou kontwole maladi a. Epi yo fòk yo gen kapasite pou rezoud pwoblèm ak jere maladi fanmi yo a ak efikasite. Li itil tou lè yo konnen kote pou jwenn sèvis nan klinik ak sèvis pou fanmi ki soutni moun ki soufri eskizofreni ak moun ki ofri swen pou moun sa yo.

Terapi Konpòtman Kognitif. Terapi konpòtman kognitif itil pasyan ki gen sentòm ki rete la menm lè yo pran medikaman. Terapet kongnitif yo montre moun ki gen eskizofreni jan pou yo teste reyalite panse ak pèsepsyon yo, jan pou yo "pa koute" vwa yo, ak jan pou debarase yo ak endiferans ki kloure yo yon kote a. Sanble tretman sa a ede bese severite sentòm yo ak fè gen mwens risk pou li retounen.

Gwoup Pou Ede Youn Ak Lòt. Kounye a kòmanse gen anpil gwoup kote moun ki gen eskizofreni ak fanmi yo ede youn ak lòt. Menm si pa gen yon terapet nan gwoup la, manm yo se yon gwoup moun ki kontinye ede ak soulaje youn a lòt. Se yon bagay ki ka kalme yo tou. Moun ki nan gwoup pou ede yon ak lòt yo konnen gen lòt moun kap fè fas ak menm pwoblèm yo epi yo pa bezwen santi yo izole akòz maladi yo oswa maladi yon pwòch yo. Rezo yo kreye nan gwoup pou ede youn ak lòt la kapab kreye yon aksyon sosyal tou. Fanmi kap travay ansanm kapab goumen pou rechèch ak plis lopital ak pwogram tretman nan kominote yo, epi pasyan ki aji an gwoup yo kapab atire atansyon piblik la kont diskriminasyon yo kontinye ap fè kont moun ki gen maladi mantal jouk jounen jodiya.

Gwoup soutyen ansanm ak gwoup kap goumen pou dwa moun yo se bon jan resous pou anpil moun ki gen plizyè kalite maladi mantal.

Ki wòl pasyan an jwe nan sistèm soutyen an?
Moun ki soufri maladi mantal kapab jwenn soutyen nan men fanmi, moun ki ofri swen nan pwogram rezidansyèl oswa pwogram lajounen, operatè kote yo bay abri, zanmi oswa moun ki rete nan menm kay ak yo, kòdonatè ka pwofesyonèl, oswa lòt moun ki nan kominote yo oswa legliz ki enterese ak byenèt yo. Gen plizyè sitiyasyon kote moun ki gen eskizofreni pral bezwen lòt moun bay yo yon kout men.

Zafè Tretman. Souvan moun ki gen eskizofreni pa vle tretman, paske yo panse ilizyon ak alisinasyon reyèl epi yo pa bezwen èd psikyat. Si gen yon kriz, fanmi ak zanmi kapab bezwen aji pou pwoteje moun nan.

Ap gen zafè dwa sivil la depi yo eseye bay tretman. Lwa ki pwoteje pasyan pou yo pa kenbe yo san pèmisyon vin sevè anpil, epi li kapab difisil pou eseye jwenn èd pou yon moun ki gen maladi mantal. Lwa sa yo varye daprè eta, men, jeneralman, lè yon moun yon danje pou pwòp tèt yo oswa lòt moun paske yo soufri yon maladi mantal epi yo refize al pran tretman, fanmi oswa zanmi kapab bezwen rele lapolis pou mennen yo lopital. Nan yon saldijans, yon pwofesyonèl nan domèn sante mantal pral evalye pasyan an pou wè si yo pral bezwen kenbe li lopital la ak volonte li oubyen san li.

Yon moun ki gen yon maladi mantal epi li pa vle tretman kapab kache konpòtman oswa ide dwòl li yo devan yon pwofesyonèl; se sa ki fè, fanmi ak zanmi dwe mande pou pale an prive ak moun kap fè egzamen pasyan an epi eksplike li sa kap pase lakay la. Lè sa a pwofesyonèl la pral kapab poze pasyan an kesyon epi tande panse dezòdone pasyan an li menm. Fòk pwofesyonèl yo wè konpòtman ak panse dwòl yo avan yap ka entène moun nan legalman, epi fanmi ak zanmi ka bay yo enfòmasyon si yo bezwen fè sa.

Zafè Swen. Li enpòtan tou pou asire moun ki gen eskizofreni kontinye jwenn tretman ak pran medikaman yo lè yo fin kite lopital la. Si pasyan an sispann pran medikaman li oswa sispann ale nan randevou li yo, sentòm psikotik yo ka retounen. Si sentòm yo vin grav, yo kapab vin pa ka pran swen tèt yo epi li pral difisil pou jwenn bagay fondamantal tankou manje, rad ak kote pou rete; yo kapab pa vle pwòpte kò yo; epi yo ki vin nan lari a oswa tonbe nan prizon, kote lap difisil pou resevwa kalite èd yo bezwen an.

Fanmi ak zanmi kapab ede pasyan an etabli objektif ki reyalizab pou yo fin repran fonksyon yo nan monn nan. Chak etap nan objektif sa yo dwe ase piti pou yo reyalize, epi pasyan an dwe travay sou yo nan yon atmosfè li jwenn soutyen. Nòmalman moun ki gen maladi mantal yo bay presyon ak kritike konn regrese epi sentòm yo vin pi mal. Pou ede yo vanse devan se pou di yo sa yo fè byen.

Kijan pou w reponn lè yon moun ak eskizofreni di yon bagay ki dwòl oswa li klè se pa vre? Paske kwayans dwòl ak alisinasyon sa yo reyèl pou pasyan an, li pa pral itil ou anyen pou di yo la verite. Epi lè ou dakò ak yo sa pa pral itil anyen tou. Lap pi bon si ou rete kalm epi ou di ou wè bagay yo diferan ak pasyan an men ou rekonèt tout moun gen dwa pou wè bagay yo fason pa yo. Lè ou respekte moun nan, ou soutni li, epi ou aji byen ak li san ou pa tolere konpòtman ki danjere ak pa apwopriye, se pi bon fason pou fè fas ak maladi sa a.

Ki pèspektiv ki genyen ak maladi sa a?
Pèspektiv pou moun ki gen eskizofreni amelyore pandan anviwon 30 ane ki sot pase yo. Menm si toujou pa gen yon gerizon, yo te devlope tretman ki efikas, epi plizyè moun ki gen eskizofreni fè ase amelyorasyon pou viv yon vi ki endepandan epi akonpli.

Se yon bèl moman pou rechèch sou eskizofreni. Kokennchenn konesans nan rechèch jenetik, newosyans, ak konpòtman pral fè moun konprann kòz maladi a pi byen, jan pou anpeche li, ak jan pou kreye pi bon medikaman pou pèmèt moun ki gen eskizofreni atenn tout potansyèl yo.

Kijan yon moun kapab patisipe nan rechèch sou eskizofreni?
Syantifik atravè monn nan ap fè rechèch sou eskizofreni pou yo ka devlope nouvo fason pou anpeche ak trete maladi a. Sèl fason rechèchè yo ap ka konprann li se lè yo etidye maladi a jan li prezante tèt li kay moun yo ki soufri li yo. Genyen plizyè diferan kalite etid. Gen etid ki mande pou chanje medikaman; gen lòt, tankou etid jenetik, ki pa bezwen chanje medikaman ditou.

Pou resevwa enfòmasyon sou rechèch sou eskizofreni ki gen soutyen nan nivo federal ak prive, ale nan ClinicalTrials.gov. Se pou itilize enfòmasyon sa a ansanm ak konsèy pwofesyonèl nan swen sante te ba ou a.

NIMH ap fè yon Pwogram Rechèch Eskizofreni, ki nan Enstiti Nasyonal Sante Mantal nan Bethesda, Maryland. Gen asistans ak vwayaj epi gen rekonpans etid pou kèk nan etid yo. W ap jwenn yon lis etid yap fè nan NIMH pou pasyan ki entène ak pa entène lopital http://patientinfo.nimh.nih.gov. An plis, anplwaye NIMH yo ka pale ak ou pou ede ou detèmine si etid yo apwopriye pou ou menm ak fanmi ou. Annik rele gratis nan 1(888) 674–6464. Epi tou ou ka voye yon imèl bay Schizophrenia@intra.nimh.nih.gov pou di ou enterese patisipe nan rechèch. Tout apèl yo ap rete konfidansyèl.

Pou plis enfòmasyon
Ajans Enfòmasyon ak Kominikasyon
Enstiti Nasyonal Pou Sante Mantal
6001 Executive Boulevard
Room 8184, MSC 9663

Bethesda, Maryland 20892–9663
Telefòn: 1(301) 443–4513, 1(866) 615–NIMH (6464) apèl gratis
TTY: 1(866) 415–8051 apèl gratis
Faks: 1(301) 443–4279
Imèl: nimhinfo@nih.gov
Sitwèb: http://www.nimh.nih.gov kite omh sit
Referans

  1. Regier DA, Narrow WE, Rae DS, Manderscheid RW, Locke BZ, Goodwin FK. The de facto US mental and addictive disorders service system. Epidemiologic catchment area prospective 1 year prevalence rates of disorders and services. Arch Gen Psychiatry. 1993 Fevriye;50(2):85–94.

  2. Catatonic Schizophrenia. (1992). The ICD 10 Classification of Mental and Behavioural Disor­ders: Clinical descriptions and diagnostic guidelines.Jenèv, Laswis: Òganizasyon Mondyal Sante.

  3. Mueser KT, McGurk SR. Schizophrenia. Lancet. 2004 Jen 19;363(9426):2063–72.

  4. Meltzer HY, Alphs L, Green AI, Altamura AC, Anand R, Bertoldi A, Bourgeois M, Chouinard G, Islam MZ, Kane J, Krishnan R, Lindenmayer JP, Potkin S; International Suicide Prevention Trial Study Group. Clozapine treatment for suicidality in schizophrenia: International Suicide Prevention Trial (Inter SePT). Arch Gen Psychiatry. 2003 Janvye;60(1):82–91.

  5. Meltzer HY, Baldessarini RJ. Reducing the risk for suicide in schizophrenia and affective disorders. J Clin Psychiatry. 2003 Septanm;64(9):1122–9.

  6. Jones RT & Benowitz NL. (2002).Therapeutics for Nicotine Addiction. In Davis KL, Charney D, Coyle JT & Nemeroff C (Eds.), Neuropsychopharmacology: The Fifth Generation of Progress (pp15331544). Nashville,Tennessee: American College of Neuropsychopharmacology.

  7. Cardno AG, Gottesman II. Twin studies of schizophrenia: from bowand–arrow concordances to star wars Mx and functional genomics. Am J Med Genet. 2000 Prentan; 97(1):12–7.

  8. Lieberman JA, Stroup TS, McEvoy JP, Swartz MS, Rosenheck RA, Perkins DO, Keefe RS, Davis SM, Davis CE, Lebowitz BD, Severe J, Hsiao JK; Clinical AntipsychoticTrials of Intervention Effectiveness (CATIE). Effectiveness of antipsychotic drugs in patients with chronic schizophrenia. N Engl J Med. 2005 Septanm 22;353(12):1209–23.

  9. Biwo Sante Mantal Eta Nouyòk ap remèsye Enstiti Nasyonal Sante Mantal
     pou enfòmasyon yo li te bay pou ti liv sa a.
    Biwo Sante Mantal Eta Nouyòk te enprime liv sa a an jen 2008.

    Eta Nouyòk
    Andrew M. Cuomo, Gouvènè

    Biwo Sante Mantal
    Michael F. Hogan, Ph.D., Komisè

    Pou plis enfòmasyon sou piblikasyon sa a:

    New York State Office of Mental Health
    Community Outreach and Public Education Office

    [Biwo Sante Mantal Eta Nouyòk
    Biwo Pou Asistans Kominote ak Edikasyon Piblik]
    44 Holland Avenue
    Albany, NY 12229

    1(866) 270–9857 (apèl gratis)
    http://www.omh.ny.gov/

    Pou poze kesyon oswa pote plent sou sèvis sante mantal nan Nouyòk:

    New York State Office of Mental Health
    [Biwo Sante Mantal Eta Nouyòk]
    Relasyon Kliyan
    44 Holland Avenue
    Albany, NY 12229

    1(800) 597–8481 (apèl gratis)

    Pou enfòmasyon sou sèvis sante mantal nan kominote ou a,
    kontakte biwo lokal NYSOMH ki pi pre ou a:

    Western New York Field Office
    [Biwo Nouyòk Nan Pati Lwès]
    737 Delaware Avenue, Suite 200
    Buffalo, NY 14209

    1(716) 885–4219

    Central New York Field Office
    [Biwo Nouyòk Nan Pati Santral]
    545 Cedar Street, second floor
    Syracuse, NY 13210–2319

    1(315) 426–3930

    Hudson River Field Office
    [Biwo nan Hudson River]
    4 Jefferson Plaza, 3rd Floor
    Poughkeepsie, NY 12601

    1(845) 454–8229

    Long Island Field Office
    [Biwo nan Long Island]
    998 Crooked Hill Road, Building #45–3
    West Brentwood, NY 11717–1087

    1(631) 761–2508

    New York City Field Office
    [Biwo Nouyòk Nan Vil Nouyòk]
    330 Fifth Avenue, 9th Floor
    New York, NY
    10001–3101
    1(212) 330–1671