Bezwen Kominikasyon Moun Ki Pa Pale Angle, Soud, Oswa Gen Difikilte Pou Tande
Vi Adobe Acrobat vèsyon | Rale dosye Adobe Acrobat Reader 
Nap mande tout sant ki te jwenn lisans nan men Biwo Sante Mantal la oswa sou direksyon Biwo a sonje bezwen pou konfòme ak Seksyon 527.4 nan 14 NYCRR: 527.4 Bezwen Kominikasyon.
- Okenn sant gen dwa refize bay moun ki pa pale angle, ki soud, oswa gen difikilte pou tande swen ak tretman, oswa fè okenn lòt diskriminasyon kont yo.
- Chak sant dwe rann li fasil pou moun ki pa pale angle, ki soud oswa gen difikilte pou tande jwenn aksè pou sèvis. Moun nap pale yo se tankou:
- moun kap chèche sèvis sant la oswa moun yo te refere nan sant la pou sèvis; ak
- moun ki resevwa sèvis nan sant la.
- Pou adrese bezwen kominikasyon moun ki pa pale angle, ki soud, oswa gen difikilte pou tande daprè pati (a) – (b) nan seksyon sa a, chak sant dwe pran etap rezonab pou rasire:
- kalite jeneral la ak nivo sèvis la menm jan ak sa ki disponib pou lòt moun yo;
- yo pran etap ki nesesè pou bay enfòmasyon nan lang ki apwopriye;
- gen entèprèt ki disponib atan, lè li nesesè pou kominikasyon ki efikas;
- moun kap entèprete yo gen ase konpetans pou asire kominikasyon ki efikas. Entèprèt sa yo kapab anplwaye sant la, volontè nan kominote a ak moun kap travay sou kontra. Yo pa dwe janm fè moun yap entèprete pou yo a peye pou sèvis entèprèt;
- gen bonjan kominikasyon ak moun ki pa pale angle dapre Tit VI nan Lwa Dwa Sivil 1964 (42 USC 2000d). West Publishing Company, Saint. Paul, Minnasota te pibliye lwa sa a epi li disponib pou revize nan Depatman Deta, Biwo Sèvis Enfòmasyon, 41 State Street, Albany, New York 12207, ak Biwo Sante Mantal, Biwo Konseye a, 44 Holland Avenue, Albany, New York 12229; epi
- gen bonjan kominikasyon ant moun ki soud oswa gen difikilte pou tande daprè Lwa Ameriken Ki Andikape a (Lwa Piblik 101-336) West Publishing Company, Saint. Paul, Minnasota te pibliye lwa sa a epi li disponib pou revize nan Depatman Deta, Biwo Sèvis Enfòmasyon, 41 State Street, Albany, New York 12207, ak Biwo Sante Mantal, Biwo Konseye a, 44 Holland Avenue, Albany, New York 12229.
- Fanmi oswa konjwen yon moun kap resevwa swen kapab entèprete pou moun nan si moun nan ak fanmi/konjwen li dakò ak aranjman an, aranjman an apwopriye medikalman, epi yo te di moun kap resevwa sèvis la li gen chwa pou itilize yon lòt entèprèt sant la idantifye. Founisè yo pa dwe fonde sèvis yap bay la sou entèpretasyon fanmi ak konjwen.
- Plan tretman oswa sèvis ki devlope pou moun ki pa pale angle, moun ki soud oswa gen difikilte pou tande, oswa ki, pou nenpòt rezon pa ka li oswa ekri, dwe idantifye nenpòt sa ki gen yon enpak enpòtan sou fason moun nan fonksyone ak tretman li, epi idantifye rekòmandasyon ki asosye ak sa, tankou nenpòt akomodasyon rezonab.


