Dwa Pasyan Kap Resevwa Swen
nan tout pwogram Swen Biwo Sante Mantal la bay lisans oswa opere kote yo pa bezwen entène lopital
Vi Adobe Acrobat vèsyon | Rale dosye Adobe Acrobat Reader 
Eta Nouyòk
Andrew M. Cuomo
Gouvènè
Biwo Sante Mantal
Michael F. Hogan, Ph.D.
Komisè
Yon mesaj Komisè Sante Mantal la
Youn nan pi gwo wòl nou genyen nan Biwo Sante Mantal la se pou ofri bonjan enfòmasyon pou ede moun fè chwa ak pran desizyon sou zafè sante mantal.
Nou swete lè moun konprann dwa yo genyen kòm pasyan, sa pral ede kreye yon relasyon ant moun ki itilize sèvis sante mantal, fanmi yo, anplwaye yo ak manm kominote a.
Michael F. Hogan, Ph.D.
Eta Nouyòk
Komisè Sante Mantal Eta Nouyòk.
Dwa moun ki nan pwogram sante mantal ki pa entène lopital yo pwoteje nan lwa ansanm ak regleman ki pou sa.
Biwo Sante Mantal la (OMH) bay pwogram ki pa entène moun yo lisans nan senk kategori – klinik, tretman lajounen kontinye, tretman lajounen pou timoun, tretman reyabilitasyon psikyatrik entansif ak ospitalizasyon pasyèl. An 2006, OMH te kòmanse yon pwosesis enplemantasyon pa faz pou bay lisans pou Sèvis Pèsonalize Ki Baze Sou Retablisman (PROS). Yon nouvo pwogram modèl konplè ki baze sou retablisman ki entegre sèvis tretman, soutyen ak reyabilitasyon, PROS gen kat pati sèvis: Reyabilitasyon ak Soutyen Kominote; Reyabilitasyon Entansif; Reyabilitasyon ak Soutyen Regilye; ak Tretman Klinik. Jeneralman, ou pap rete dòmi nan kalite pwogram sa yo.
Dwa sivil ou yo kontinye si ou patisipe nan youn nan pwogram sa yo. Lwa a mansyone ou toujou gen dwa pou anrejistre ak vote pandan eleksyon, aplike pou pèmi ak lisans, pase egzamen pou sèvis sivil ak aplike pou travay epi pou yo nome ou san diskriminasyon si ou kalifye.
Daprè lalwa ou gen dwa pou tout anplwaye yo trete zafè ou ak konfidansyalite, ak respè epi ak diyite.
Yo pa dwe limite tretman oswa aksè ou pou pwogram daprè ras, kwayans, koulè, sèks, orijin nasyonal, laj, eta sivil, oswa andikap ki pa gen anyen pou wè ak tretman. Si ou panse yo fè diskriminasyon kont ou sou nenpòt nan bagay sa yo – oswa si ou panse ou se yon viktim abi mantal, vèbal, fizik oswa seksyèl – ti liv sa a ap di w kote w ka al depoze yon plent ofisyèl.
Paske w ap resevwa swen psikyatrik pa vle di ou enkonpetan mantalman. Ou konsidere legalman konpetan amwenske yon jij te pase lòd ou enkonpetan.
Ou gen menm dwa ak lòt sitwayen pou chwazi yon "mandatè swen sante" oswa prepare yon "testaman." Paske kèk moun konn gen epizòd maladi mantal ki retounen, dokiman sa yo kapab enterese sitou moun ki itilize sèvis sante mantal. Dokiman sa yo pèmèt ou bay enstriksyon pou tretman ou alavni, pou itilize pita si ou pa kapab bay enstriksyon lè yap ba ou tretman.
Enfòmasyon Debaz
Lè yo aksepte ou nan yon pwogram kote ou pa entène oswa touswit apre sa, yo sipoze enfòme ou dwa ou yo. Kapab gen restriksyon sou lwa sa yo sèlman lè yon doktè ekri lòd pou fè sa. Yo dwe mete nenpòt lòd nan dosye klinik ou epi li sipoze eksplike rezon limitasyon ak peryòd tan an patikilye a ap rete an vigè. Yo pa ka limite dwa ou jis pou pini ou oswa pou rann vi anplwaye yo pi fasil.
Dwa sa yo genyen ladan yo:
- Dwa pou anplwaye yo pa abize oswa maltrete ou.
- Dwa pou gen yon degre vi prive ki rezonab, tankou vi prive nan twalèt.
- Dwa pou gen yon plan sèvis pèsonalize ak yon eksplikasyon konplè sou sèvis yap ba ou yo, ak dwa pou patisipe nan devlopman plan sèvis pèsonalize ou a.
- Dwa pou yo enfòme ou sou regleman ak pwosedi pou pote plent sou founisè a, ak dwa pou poze nenpòt kesyon ak depoze nenpòt plent bay direktè pwogram nan ak òganizasyon yo ki make sou do ti liv sa a.
- Dwa pou resevwa swen klinik ki apwopriye ak tretman ki koresponn ak bezwen ou yo epi moun kap ba ou swen an dwe fè li byen, san danje epi ak imanite avèk tout respè pou diyite ou ak entegrite pèsonèl ou.
- Dwa po yo trete ou yon fason ki rekonèt ak respekte anviwònman kiltirèl ou.
Nan yon kategori separe, pwogram nan kapab enfòme ou sou eleman adisyonèl sa yo, menm si yo pa dwa ki nan yon lwa oswa regleman:
- Non anplwaye ki pral gen responsablite prensipal la. Pa egzanp, moun prensipal pou kontakte oswa kòdonatè sèvis pèsonèl ou a.
- Tretman altènatif ki disponib pou ou.
- Règ kondwit pwogram ou a.
- Pri tretman an.
- Limit, si genyen, sou kantite tan ou kapab rete nan pwogram nan.
- Relasyon pwogram nan ak lòt ajans konsènan sèvis adisyonèl.
- Sous finansman pwogram nan.
- Sou ki otorite pwogram nan opere.
Patisipasyon ak Objeksyon
Pou pifò moun, se sèlman si yo vle yap patisipe nan yon pwogram kote yo pap entène. Pa okazyon tribinal la kapab pase yon moun lòd pou al pran sèvis sa a sou Pwogram Tretman Asiste Pou Moun Ki Pa Entène a (sa ki rele lwa Kendra tou a) oswa kòm yon kondisyon pou li pa ale nan prizon. Pandan objektif santral pwogram nan se patisipasyon konplè ou, si ou refize plan sèvis pèsonalize ou a, oswa si li pa mache byen pou ou epi ou vle chanje li, sa poukont li pa yon rezon pou retire ou nan pwogram nan. Detanzantan, w ap kapab revize plan ou a ak anplwaye yo pou wè pwogrè ou. Yo kapab retire ou si patisipasyon pa apwopriye klinikman ankò oswa si ou aji yon fason ki poze yon risk pou danje fizik pou ou menm oswa lòt moun.
Ou gen dwa pou fè yon chwa enfòme sou si w ap patisipe nan pwojè rechèch ou pa. Rechèch yo kapab nouvo medikaman, yon seri kesyon yon moun kap ba ou entèvyou poze oswa kesyon ki soti nan yon kesyonè. Si ou refize patisipe, yon pwogram pa ka itilize sa pou refize kontinye ba ou tretman. Si ou deside patisipe, w ap oblije siyen yon konsantman enfòme.
Vi Prive ak Konfidansyalite
Lalwa pwoteje dwa ou pou gen vi prive ak konfidansyalite pandan tretman. Sa genyen konvèsasyon ant ou menm ak anplwaye ki bay sèvis yo, ak enfòmasyon nan dosye ou. Ou gen dwa pou wè dosye tretman ou amwenske gen yon rezon klinik ki fè ou pa dwe wè li, ak pou mande doktè ou diskite dosye tretman ou ak ou.
Ou kapab mande pou yo voye dosye ou bay yon lòt founisè oswa avoka ou. Si ou gen pi piti pase 18 an, yon paran oswa responsab legal kapab fè demann sa a nan non ou.
Biwo Sante Mantal la pral ba ou yon Avi Pratik Vi Prive separe ki pral di ou kijan nou itilize ak pataje enfòmasyon sou tretman sante mantal konfidansyèl ou. An plis, li pral di ou dwa ou parapò ak enfòmasyon tretman sante mantal ou, ak kiyès pou w kontakte si ou gen kesyon oswa yon plent sou fason nou te itilize oswa pataje dosye tretman ou.
Jeneralman, yo pa ka pataje enfòmasyon sou sante ou san ou pa bay otorizasyon ekri avan. Men, nan sikonstans limite, lalwa kapab pèmèt oswa oblije yo bay sèten moun, ajans gouvènman oswa lòt òganizasyon dosye ou oswa enfòmasyon ou. Nou pral note pifò fwa nou fè sa nan dosye ou, epi ou gen dwa aprann sou yo lè ou mande sa. Lalwa deklare nou pa oblije note sa lè se pou Sèvis Legal Ijèn Mantal, moun kap revize kalite swen oswa ajan finans gouvènman kap regle zafè pèyman yo bay enfòmasyon ou. Epi tou lalwa di pou enfòmasyon yo pataje ak konpayi asirans ki gen lisans sou Lwa Asirans Eta, se sèlman premye fwa yo pataje enfòmasyon an ak yo pou yo note sa.
Aksè Nan Dosye
Yo dwe ba ou yon opòtinite pou enspekte dosye klinik ou lè ou mande sa pa ekri. Lwa sa a pèmèt kèk limitasyon nan aksè sa a, daprè jistifikasyon klinik. Yon pwogram kapab fè ou peye pou tout enspeksyon ak kopi. Lajan sa a pa dwe depase sa sèvis sa yo koute pwogram nan. Li pap janm ka koute plis pase 75 santim pou chak paj.
Si ou pa dakò ak kèk pati nan dosye ou, ou kapab ekri yon deklarasyon pou konteste enfòmasyon yo ki nan dosye a pou kole li pèmanan ak dosye ou.
Pwoblèm Oswa Plent
Ou gen dwa pou jwenn enfòmasyon sou jan pou depoze yon plent. Yon founisè sèvis dwe bay chak moun yon avi sou dwa yo lè yo ap antre nan pwogram nan, epi mete dwa yo yon kote yap ka wè li byen.
Si ou gen yon pwoblèm oswa pent, moun kap dirije pwogram nan responsab pou asire li dwa ou yo pwoteje. Si sa pa mache, oswa pa apwopriye, gen lòt òganizasyon ki kapab ede.
Pou Asistans:
Yon anplwaye, tankou kòdonatè sèvis ak moun prensipal pou kontakte a, oswa direktè pwogram nan. New York State Office of Mental Health
[Biwo Sante Mantal Eta Nouyòk]
44 Holland Avenue, Albany NY 12229
Apèl gratis: 1(800) 597–8481, En Espanol: 1(800) 210–6456,
TDD 1(800) 421–1220 pou moun ki soud oswa pa ka tande byen
New York State Commission on Quality of Care and Advocacy for Persons with Disabilities
[Komisyon Eta Nouyòk Sou Kalite Swen ak Defans Moun Ki Andikape]
401 State Street, Schnectady, NY 12305
Telefòn 1(518) 388–2888
Pwoteksyon ak Defans Pou Moun Ki Soufri Maladi Mantal (PAIMI)
Rejyon Vil Nouyòk:
New York Lawyers for the Public Interest
[Avoka Nouyòk Pou Enterè Piblik]
151West. 30th Street, 11th Floor, New York, NY 10001–4007
Telefòn: 1(212) 244–4664
Rejyon Lwès Nouyòk:
Neighborhood Legal Services
[Sèvis Legal Vwazinay]
237 Main Street, Suite 400, Buffalo NY 14203
Telefòn: 1(716) 847–0650
Rejyon Hudson Valley:
Disability Advocates
[Moun Kay Defann Andikape]
5 Clinton Square, Albany NY 12207
Telefòn: 1(518) 432–7861
Rejyon North Country:
Legal Aid of Northeastern NY, Inc.
[Konpayi Asistans Legal Pati Nòdwès Nouyòk]
100 Court Street., P.O. Box 989, Plattsburgh NY 12901
Telefòn: 1(518) 563–4022. Oswa
17 Hodskin Street., P.O. Box 648, Canton NY 13617
Telefòn: 1(315) 386–4586
Rejyon Santral Nouyòk:
Legal Services of Central New York
[Sèvis Legal Pati Santral Nouyòk]
The Empire Building,
472 South Salina Street, Suite 300, Syracuse NY 13202
Telefòn: 1(315) 475–3127
Rejyon Long Island:
Touro College, Jacob Fuchsberg Law Center
[Kolèj Touro, Sant Legal Jacob Fuchsberg]
225 Eastview Drive, Central Islip, NY, 11722
Telefòn: 1(631) 761–7080
Sèvis Legal Ijèn Mantal
First Judicial Department
[Premye Depatman Jidisyè]
41 Madison Avenue, 26th floor, New York NY 10010
Telefòn: 1(212) 779–1734
Second Judicial Department
[Dezyèm Depatman Jidisyè]
170 Old Country Road, Mineola NY 11501
Telefòn: 1(516) 746–4545
Third Judicial Department
[Twazyèm Depatman Jidisyè]
40 Steuben Street, Suite 501, Albany, NY 12207
Telefòn: 1(518) 474–4453
Fourth Judicial Department
[Katriyèm Depatman Jidisyè]
50 East Avenue., Suite 402, Rochester NY 14604
Telefòn: 1(585) 530–3050
National Alliance for the Mentally Ill of New York State
[Alyans Nasyonal Pou Moun Ki Soufri Maladi Mantal]
260 Washington Avenue, Albany NY 12210
Telefòn: 1(518) 462–2000
Pou kontakte The Joint Commissioner pou pale enkyetid
ou gen sou òganizasyon sa a, rele
1(800) 994–6610
Oubyen imèl
complaints.
Pou plis kopi ti liv sa a voye mande pa faks bay:
Utica Print Shop 1(315) 735–5041
Dènye Revizyon: Avril, 2010


